Ayiti kalifye pou 20è edisyon mondyal timoun anba 17 an yo, apre viktwa (2-0) li ranpòte sou Gwatelma, yè dimanch 16 fevriye 2025 la.
LeBron James ki kounya nan karantèn li toujou ak mate balon baskèt menm jan ak jwè ki nan ventènn, dimanch 16 fevriye a li pral jwe 21yèm jwèt All-Star li, pami elit nan NBA a.
Nan estad Cementos Progreso nan lakou Gwatemala, Ti mesye Eddy Cesar yo pase yon rakle a ekip Sen Vansan an pou premye match yo nan elimatwa mondyal kategori laj pi piti pase 17 lane.
NEW ORLEANS (AP) — Cooper DeJean, Josh Sweat ak defans fewòs Philadelphia Eagles yo anpeche Patrick Mahomes, Travis Kelce ak Kansas City Chiefs yo ranpòte yon twazyèm twofe Super Bowl youn apre lòt. Se te yon viktwa klè.
Lewis Cine, ki fèt an Ayiti, ranpòte Super Bowl la nan peyi Lèzetazini, ak ekip Philadelphia Eagles, ayè dimanch la.
Atakan ayisyen Fafa Picault fè premye gòl li ak nouvo ekip li a, Inter Miami, ayè dimanch la, nan yon match amikal kont ekip Sporting San Miguelito.
Dallas Mavericks fè echanj jwè ak Lakers nan kad yon antant yo rive jwen ant yo menè Luka Doncic pral nan Los Angeles Lakers pou Anthony Davis dapre sa plizyè medya Ameriken rapòte.
Aksidan avyon American Airlines ak yon elikoptè nan Washington D.C lague plizyè fanmi ak zanmi nan gro lapèn. Federasyon Entènasyonal Patinaj la pèdi plizyè patinatè nan yon aksidan an tou.
Atakan ekip Real Madrid te an plèn fòm mèkredi 22 janvye a; yo kraze ekip Salzburg la (5-1) nan match Lig Chanpyon an, yon viktwa ki asire chanpyon an tit la omwen yon plas nan match baraj yo.
Benfica tap mennen 3 a 1 sou Katalan yo pandan apreprè demi-èdtan, men Baselonè yo te fè yon remontada ki te pèmèt yo jwenn kalifikasyon yo pou wonn 16 la.
Load more