Accessibility links

Breaking News

Eliminatwa Mondyal U-17: Ayiti Pase Sen Vensan yon Rakle (5-0)


APTOPIX Kosovo Haiti Soccer
APTOPIX Kosovo Haiti Soccer

Nan estad Cementos Progreso nan lakou Gwatemala, Ti mesye Eddy Cesar yo pase yon rakle a ekip Sen Vansan an pou premye match yo nan elimatwa mondyal kategori laj pi piti pase 17 lane.

Pou Match sa, antrenè a te kòmanse ak atou ofansif li yo, Nicolai Pierre ak Emersson Laisse.

Dayè, se nimewo 10 ayisyen ki ta pral fè premye gòl match la. Emerson Laisse drible 2 defansè avan l glise boul la nan fant janm gadyen Sen Vensan an, pou reyalize yon mèvèy gòl nan 12èm minit match la.

7 minit apre, Nicolai Pierre ta pral kòmanse show pa l la.Atakan ayisyen enskri yon gòl an bon opòtinis e bon rena nan sifas reparasyon an, avan l klouwe ak yon kout tèt gadyen Sen Vensan an, pou l fè yon dekabès epi bay Ayiti yon avantaj 2 gòl nan premye mitan an.

Theo Lacombe ak Franco Celestin te make 2 lòt gòl seleksyon an ki byen antre nan eliminatwa yo.

Ayiti pou kounya Ayiti nan tèt klasman an ak 3 pwen, gòl diferans +5 devan ekip Gwatemala ki gen 3 pwen tou, men ak yon gòl +1.

N ap fè sonje, Ayiti dwe fini premye nan gwoup la pou l ka jwenn kalifikasyon l pou eliminatwa mondyal U-17 la ki gen pou dewoule ane sa nan peyi Kata

XS
SM
MD
LG