Jou ki te lendi 17 fevriye 2025 lan, Lakoudapèl Pòtoprens t egzije Léon Charles pou li prezante devan l nan kad zak sasinay sou ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Etazini gen difikilte pou l depòte dirèkteman kèk imigran nan peyi yo, kidonk li te jwenn yon antant ak Panama kòm yon eskal anvan yo rive nan peyi orijin yo
Chèf diplomasi Larisi a, Sergueï Lavrov, eksprime satisfaksyon li mèkredi pou kritik prezidan ameriken an fè kont tokay li nan Ikrèn, apre Donald Trump te repete langaj Kremlen an pou rann Volodymyr Zelensky responsab pou konfli a nan Ikrèn.
PANAMA CITY (AP) — Panama kenbe nan yon otèl prèske 300 moun Etazini depòte e ki soti nan divès peyi, san yo pa pèmèt yo sòti pandan y ap tann otorite entènasyonal òganize retou yo nan peyi orijin yo. Otorite yo di plis pase 40% nan migran yo pa vle retounen volontèman nan peyi yo.
LOS ANGELES, 18 FEV. (Reuters) — Yon jiri nan Los Angeles te deklare rapè A$AP Rocky inosan Madi sou de akizasyon kriminèl pou atak ak zam semi-otomatik nan yon diskisyon ak yon lòt atis hip-hop nan Hollywood an 2021.
Gouvène Eta Floride la Ron DeSantis siyen semèn ki sot pase la-a , 2 pwojè lwa ki pral rann lavi imigran ilegal yo difisil. Kisa ki nan lwa sa a ? Kòman li pral afekte imigran yo ? Detay ak Luckson Saint-vil depi Miami.
Nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la akize Joseph Félix Badio mande Koudapèl mete l fas a fas ak plizyè pèsonalite, pami yo reponsab RNDDH la Pierre Esperance.
Sosyete pou dwa imigrasyon ak jistis te òganize, nan North Carolina Central University, yon panèl diskisyon sou enpak sitiyasyon imigrasyon moman ann genyen sou kominote imigran yo.
Nan okazyon selebrasyon Jounen Prezidan yo ( President Day ), Valerio Sant-Louis te mande kèk moun nan New York ki prezidan yo pi prefere?
Sekretè Deta Ameriken-an Marco Rubio, konseye sekirite nasyonal-la Mike Waltz ansanm ak anvwaye espesyal pou Mwayen-Oryan Steve Witkoff twouve- yo nan Arabi Sawoudit, pou travay sou negosyasyon pou lapè nan lagè Larisi ap menen kay vwazen li Ikrèn.
Desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l sispann finansman Washington t ap bay aletranje ka lakòz plizyè milyon moun mouri akòz SIDA, dapre direktè pwogram Nasyonzini pou maladi sa a, ki lanse avètisman an dimanch.
Load more