Accessibility links

Breaking News

Meksik Adopte yon Lwa Kont Enjerans


Combo photograph: U.S. president Donald Trump and Mexican president Claudia Sheinbaum (Foto: Reuters)
Combo photograph: U.S. president Donald Trump and Mexican president Claudia Sheinbaum (Foto: Reuters)

Ranfòse souvrènte ak pini enjerans: Meksik adopte yon nouvo refòm nan Konstitisyon li madi an repons a desizyon Prezidan Ameriken Donald Trump pou mete sis katèl meksiken sou yon lis òganizasyon "teworis".

Avèk 417 vòt pou ak 36 kont, Chanm Depite yo te adopte lajman inisyativ konstitisyonèl la, ki te anonse pa prezidan de goch la Claudia Sheinbaum 20 fevriye, apre anons prezidan ameriken an.

Meksik pap aksepte okenn "envazyon" ameriken sou pretèks lit kont trafik dwòg, li te avèti lè sa a.

"Meksik, nan okenn sikonstans, pap aksepte entèvansyon, entèferans oswa nenpòt lòt aksyon ki sòti nan peyi etranje ki ta atake entegrite, endepandans ak souvrènte nasyon an," dapre tèks la ki te adopte.


"Pi gwo pinisyon posib" ak yon "detansyon preventiv" pral aplike pou nenpòt etranje k ap fè aktivite espyonaj san apwobasyon gouvènman an nan kad akò kolaborasyon.

Refòm nan, ki modifye de atik nan Konstitisyon an, te deja apwouve pa Sena a 26 fevriye. Tèks la dwe kounye a apwouve pa kongrè 17 nan 32 eta yo.

Trafik dwòg, espesyalman fentanyl mòtèl, nan direksyon teritwa ameriken an, se prensipal agiman Donald Trump pou menase Meksik ak Kanada pou takse enpòtasyon yo a 25%, malgre akò komès lib Nò Ameriken an.

Prezidan Repibliken an te ranvwaye sanksyon sa yo de fwa, malgre li ensiste sou antre yo an fòs apati 2 avril.

Prezidan Sheinbaum fè konnen li gen konfyans menas sa a pap aplike kont Meksik.
28 fevriye, nan yon jès koperasyon, gouvènman meksiken an te livre 29 chèf katèl dwòg prezime bay Etazini, ladan yo Rafael Caro Quintero, yo t ap chèche pou asasina yon ajan DEA.


XS
SM
MD
LG