Dabò, Frinel Joseph ap ateri Pewou pou l al patisipe nan rankont estratejik Ofis Nasyonal Pwosesis Elektoral (ONPE), avan l vole pou Meksik pou l al rankontre ekip Enstiti Nasyonal Elektoral la (INE).
Vizit Konseye-Prezidan an ap dire 5 jou (soti 10 pou rive 14 mas 2025) selon sa biwo Laprezidans fè konnen nan yon kominike.
Laprezidans anonse tou, 2 konseye elektoral, Jacques Derosiers ak Jaccéus Joseph, ansanm ak Reynold Guerrier, ki se Direktè Jeneral Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI), epi Joram Vixamar, fè pati delegasyon ayisyèn nan ki akonpaye doktè Frinel Joseph nan peyi Pewou ak Meksik.
Pi lwen, Laprezidans anonse lòt reyinyon bilateral pandan vizit konseye-prezidan Frinel Joseph ann Amerik latin, nan lide pou "pataje pi bon pratik nan zafè eleksyon."