Pwodwi ekspòtasyon ki soti Sendomeng pou rantre Ayiti pandan 2024 la te koute 896 113 238, 13 dola ameriken. Daprè ladwann dominikèn, kantite lajan sila a konnen yon ogmantasyon 2,6% lè w konsidere ane 2023 a.
Ze yo pa sèlman chè akoz epidemi grip zwazo k ap kontinye, men kounye a yo vin difisil pou jwenn tou. Menm lè magazen yo gen ze, konsomatè yo ka fè fas ak limit sou konbyen yo ka achte.
Imigran ayisyen nan peyi vwazen an, Repiblik Dominikèn, ap viv yon peryòd difisil. Anpil ladan yo rakonte kouman yo viktim abi pandan otorite dominiken yo ap depòte yo.
Chif ki soti nan yon rapò Service Jésuite aux mignants SJM-Haïti/Solidarité fè konnen, pou mwa janvye 2025 la sèlman, Repiblik Dominikèn voye tounen 7 154 migran ayisyen sou fwontyè ayisyano-dominikèn nan.
Depatman Deta ameriken fè Polis Nasyonal Ayiti a kado yon latriye materyèl pou ranfòse kapasite enstisisyon an nan batay l ap mennen kont gang k ap simen latwoublay nan peyi a.
Prezidan dominiken an, Luis Abinader deklare sitiyasyon Ayiti a se yon menas pou sekirite tout rejyon an ak tout Lèzetazini.
Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, mande Mario Andrésol pou l sipèvize operasyon sekirite k ap fèt kont bandi yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak depatman Latibonit.
Se premye gwoup rapatriye ki rive nan 'Aéroport International Cap-Haïtien' an, depi nouvo administrasyon Trump lan pran pouvwa a nan Washington.
3 jounalis avèk polisye Jean Masner Coulange, ki te gravman blese pandan atak nan Lopital Jeneral lan nan dat 24 desanm 2024 la, kite peyi a jedi 30 janvye 2025 pou al pran swen Kiba.
Load more