Accessibility links

Breaking News

Guterres Pral Asiste Rankont CARICOM la nan Barbad


Sekrete Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres pale pandan yon konferans pou lapres nan salon diplomatik ayeropo entenaysonal Toussaint Louverture la nan Potoprens, Ayiti, 1 Jiye, 2023.
Sekrete Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres pale pandan yon konferans pou lapres nan salon diplomatik ayeropo entenaysonal Toussaint Louverture la nan Potoprens, Ayiti, 1 Jiye, 2023.

Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres pral asiste rakont chèf gouvènman gwoup CARICOM nan Mèkredi nan La Barbad.

Dapre pòtpawòl LONU, Stephane Dujarric, Guterres pral asiste seremoni ouvèti 48èm rankont regilye Kominote Karayib la.

Tèm rankont la ane sa a se Inite se Lafòs. Nan kad sa a, Guterres pral souliyen ke pou gen lapè, sekirite, jere chanjman klimatik ak devlopman soustenab fòk gen tèt ansanm.

Jedi, sekretè-jeneral la pral patisipe nan yon sesyon chèg deta CARICOM yo dèyè pòt fèmen kote yo va diskite sou kestyon ki konsène rejyon an - pami yo Ayiti.

Pandan sejou li nan Bridgetown, Guterres va rankontre Premye Minis La Barbad Mia Mottley. Li va fè chita tande ak divès chèf deta sou.

Korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer, kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG