Accessibility links

Breaking News

Sendomeng ap Ranfòse Fwontyè l pi Plis ak Ayiti


APTOPIX Dominican Republic Election
APTOPIX Dominican Republic Election

Dimanch 23 fevriye 2024 la, Sendomeng anonse mezi li pran pou mete plis siveyans ak plis operasyon lapolis sou fwontyè l ak Ayiti.

Vwazen an di desizyon sa a vize tout Ayisyen ki pa legal ki vle antre lakay li. Nan lide sa a, Repiblik Dominikèn te deja kòmanse konstwi yon gwo mi nan lane 2021.

Otorite yo anonse yo pral ajoute 12 kilomèt anplis ladan n, e li ta dwe depase plis pase 170 kilomèt.

Miray sa a ta dwe layite kò l sou plis pase mwatye longè fyontyè 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG