« Bureau des affaires internationales de stupéfiants et d’application de la loi (INL)», ki se yon branch nan Depatmandeta, anonse yo fè Misyon miltinasyonal k apiye sekirite a (MMAS) kado 20 blennde. INL te pataje enfòmasyon sa sou kont X li @StateINL mèkredi 19 fevriye 2025 lan.
Daprè sa plizyè temwen ak pwòch viktim yo rapòte, Gang Vitelòm nan masakre plis pase yon dizèn moun Pènye, dimanch 16 fevriye 2025 lan.
Jou ki te lendi 17 fevriye 2025 lan, Lakoudapèl Pòtoprens t egzije Léon Charles pou li prezante devan l nan kad zak sasinay sou ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 16 fevriye 2025 lan, Laprezidans esplike atak bandi yo sou baz Teleco a nan mòn Tranchan se yon zak lach ki pa dwe aksepte.
Pwodwi ekspòtasyon ki soti Sendomeng pou rantre Ayiti pandan 2024 la te koute 896 113 238, 13 dola ameriken. Daprè ladwann dominikèn, kantite lajan sila a konnen yon ogmantasyon 2,6% lè w konsidere ane 2023 a.
Association des industries d’Haïti (ADIH) ak Chambre de commerce et d’industrie haitiano-canadienne (CCIHC) eksprime dezakò yo sou reyalizasyon kanaval la ane sa a.
Madi 11 fevriye 2025 lan, Minis kilti ak kominikasyon an, Patrick Delatour, fè konnen bidjè kanaval la pou ane sa a se 300 milyon goud.
Aktyèl prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, fè konnen li pase Premye Minis Fils-Aimé lòd pou li ranmase ak egzamine tout prèv ki gen pou wè ak moun Etazini, Kanada ak Nasyonzini te sanksyone pou wòl yo ta genyen nan destabilize peyi a.
Nan yon piblikasyon li fè sou kont X li (@martinejmoise) lendi 10 fevriye 2025 lan, Martine Moïse, ansyen Premyè dam peyi Dayiti a, mande Donald Trump pou l deklasifye dosye asasina Jovenel Moïse la.
Chif ki soti nan yon rapò Service Jésuite aux mignants SJM-Haïti/Solidarité fè konnen, pou mwa janvye 2025 la sèlman, Repiblik Dominikèn voye tounen 7 154 migran ayisyen sou fwontyè ayisyano-dominikèn nan.
Plizyè ba ak restoran t akeyi aktivite dimanch « Pré-Carnavalesque » yo nan Pòtoprens, dimanch 9 fevriye 2025 lan.
Prezidan dominiken an, Luis Abinader deklare sitiyasyon Ayiti a se yon menas pou sekirite tout rejyon an ak tout Lèzetazini.
Nan dènye rapò trimestriyèl "Bureau intégré des Nations-Unis en Haïti" (BINUH) mete deyò madi 4 fevriye 2025 lan, yo fè konnen gen 1732 moun ki mouri ann Ayiti nan katriyèm trimès ane 2024 la.
Daprè jounal Lenouvelis ki site yon nòt ki soti nan Anbasad amerikèn, mèkredi 5 fevriye 2025 la, Etazini ap kontinye sipòte Misyon miltinasyonal k ap apiye sekirite a ann Ayiti (MMAS).
Nan yon entèvyou li t ap bay sou Magik9, madi 4 fevriye 2025 la, Joël Édouard Vorbe, manm komite egzekitif Fanmi Lavalas, deklare Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an chwazi fè tranzisyon an echwe.
Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, mande Mario Andrésol pou l sipèvize operasyon sekirite k ap fèt kont bandi yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak depatman Latibonit.
Ansyen gwoup CaRiMi ap kontinye konsè reyinyon li yo nan Amerant Bank Arena (Miami), jou vandredi 21 mas 2025 la.
Aktyèl prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a (KPT), Leslie Voltaire, fè konnen pandan pasaj li nan vil Vatikan an li te mande Manman Notre Dame Pèpetyèl Sekou pou l fè yon mirak pou Ayiti.
Load more