Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal Anonse Anviwon $320 Milyon pou Ayiti


Foto Achiv: Katye Jeneral Bank Mondyal nan Washington.
Foto Achiv: Katye Jeneral Bank Mondyal nan Washington.

Bank mondyal apwouve yon finansman k ap koute apeprè $320 milyon ameriken pou Ayiti, nan yon kominike ki pote dat madi 4 mas 2025 lan.

Daprè Bank mondyal, fon sila a rantre nan yon nouvo kad patenarya estratejik pou peyi a. Li marande tou ak yon plan tou nèf ki vize defini baz yon rebondisman ekonomik ak sosyal. Plan sa a pral etann li sou yon peryòd 4 lane : 2025-2029.

Nan objektif sa a, enstitisyon an mete kantite lajan sa a disponib pou fè sibvansyon. Yo presize sibvansyon sa yo ap pèmèt, pa egzanp, yo ranfòse rezilyans popilasyon ki pi fèb yo epi kreye opòtinite travay.

XS
SM
MD
LG