Lapolis Nasyonal Ayiti anonse yo mete anba kòd, Sebastien Bataille, yon timoun 13 lane ki fè pati gang 400 mawozo a.
Gwo vant panik soufle sou plizyè katye nan Pòtoprens, kote plizyè dizèn sitwayen te foule beton an, jodi jedi 20 fevriye a. pou mande Leta ba yo sekirite
Daprè sa plizyè temwen ak pwòch viktim yo rapòte, Gang Vitelòm nan masakre plis pase yon dizèn moun Pènye, dimanch 16 fevriye 2025 lan.
Jou ki te lendi 17 fevriye 2025 lan, Lakoudapèl Pòtoprens t egzije Léon Charles pou li prezante devan l nan kad zak sasinay sou ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Pierre Jean Raymond Andre se nouvo direktè OAVCT. Seremoni enstalasyon nouvo patwon OAVCT a fèt jodi mèkredi 19 fevriye 2025 lan, nan lokal ministè finans.
Lapolis Nasyonal Ayiti kontinye ap mennen operasyon nan Kenskòf nan lide pou dechouke gwoup gang yo ki esntale yo nan kèk lokalite pou simen latwoublay nan mitan popilasyon an.
An repons ak anpil kritik sou rezo sosyal yo konsènan ayewopò entenasyonal Kap-Ayisyen an, responsab yo òganize yon reyinyon dijans pou diskite sou solisyon posib yo
Plizyè dizèn militan òganizasyon sosyo-politik lanse yon mouvman pwotestasyon pou mande lapolis anile avi rechèch li lanse kont ansyen Senatè Nenel Cassy
Kanaval nasyonal Ayiti a, ki te sipoze fèt ane sa nan vil Fòlibète, anile, selon sa biwo laprezidans anonse, yè madi a, nan yon kominike pou laprès.
Nan konferans Pou laprès PNH la te bay madi 18 fevriye, lapolis anonse yo mete avi rechèch dèyè 2 ansyen palmantè ayisyen. Otorite yo akize ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Alfredo Antoine pou konplo kont sekirite nasyonal, finansman òganizasyon kriminèl ak konplisite nan asasina.
Load more