Accessibility links

Breaking News

Minis G7 yo Denonse Zak Vyolans Gang Ayiti yo


G7 Reyinyon minis Afè Entrajè yo
G7 Reyinyon minis Afè Entrajè yo

Nan deklarasyon minis afè etranje Gwoup 7 pi gwo peyi Endistriyalize yo pibliye nan fen rankont yo nan peyi Kanada, yo denonse ak fòs zak vyolans "orib" gang ame yo kontinye ap lanse nan peyi d Ayiti pou pran kontwòl peyi a.

G7 la gen ladann minis peyi Etazini, Kanada, La Frans, Almay, Itali, Japon, Wayom Ini ak Reprezantan Inyon Ewòp la.

Minis yo reyafime angajman yo pou apiye epi ede pèp Ayisyen an retabli demokrasi, sekirite ak stabilite.

Deklarasyon an mansyone sipò pou Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ak Misyon Sipò Sekirite (MMSS) Kenya ap dirije a pou ede konbat gang yo epi retabli sekirite. G7 la di li apiye lide pou LONU ta jwe yon pi gwo wòl nan jefò sa a.

Pa rapò ak travay politisyen Ayisyen yo ap fè, lidè G7 yo di yo "apiye jefò responsab Ayisyen yo fè pou kreye yon jirisdiksyon anti-koripsyon espesyalize ki konfòme l ak standa entènasyonal ki pi elve yo.

Deklarasyon G7 la sou Ayiti pibliye nan moman gang ame yo kontinye ap atake katye ozalantou kapital la, Pòtoprens, epi lokal medya Ayisyen yo.

Dapre denye rapò Nasyonzini pibliye sou sityasyon Ayiti, gang yo kontwole kounyea plis pase 80 pousan kapital la.

XS
SM
MD
LG