Gwoup gang yo kontinye ap taye banda yo nan kapital la, kote yo okipe plis pase 80% nan zòn metwopolièn Pòtoprens lan.
Nan lanwit mèkredi 12 mas pou ouvri jedi 13 mas 2025, bandi yo mete dife nan building Radyo Televizyon Karayib la, ki twouve l nan sant vil la.
Vag vyolans yo te fòse administrasyon medya a deloje anpwalye yo pou mete nan yon lòt adrès. Sepandan, te toujou gen materyèl andan building lan.
N ap souliye, kout zam kontinye ap chante nan zòn metwopolièn Pòtoprens lan pou jodi jedi 13 mas la.
Asayan yo kontinye ap fè forcing pou anvayi katye Kafou Fèy.
Akoz atak gwoup gang yo sou Kafou Fèy, plizyè abitan nan katye sa ak zòn ki anviwonen l yo oblije met vwal nan do yo.