Administrasyon Trump la bat bravo pou chita pale ant Etazini ak Larisi ki dewoule ann Arabi Sawoud sou Gè Ikrèn nan, san patisipasyon Kyèv. Mezon Blanch di pis paralèl diplomasi sa a se premye etap pou mete fen nan gè sa a ki egziste depi 3zan ann Ewòp
Prezidan Kolonbyen, Gustavo Petro di jodi madi 18 fevriye a, trafikan dwòg yo achte 2 misil ke yo planifye tire sou avyon li, pou eseye touye l. Petro asosye menas la ak siksè li nan efò pou konbat trafik dwòg nan Kolonbi.
Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini, Kristi Noem anonse 18 Fevriye yon kanpay piblisite nasyonal ak entènasyonal ki avèti migran ilegal yo pou yo kite Etazini san pèdi tan oswa fè fas ak depotasyon epi pa janm ka tounen Ozetazini nan lavni.
Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky te di Vandredi ke Kyeiv ta gen selman yon "ti chans pou yo siviv" san sipò Washington, kèk jou apre Prezidan Trump te gen yon konvèsasyon nan telefòn ak tokay Ris li a.
Marco Rubio Fè Premye Vwayaj Li Nan Rejyon Mwayen Oryan Antanke Sekretè Deta Ameriken.
NEW YORK (AP) — Estratèj konsèvatè, Steve Bannon, plede koupab pou akizasyon fwod ki gen rapò ak twonpri donatè ki te bay lajan nan kad yon efò prive pou konstwi yon miray sou fwontyè sid Etazini an.
Aktyèl prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, fè konnen li pase Premye Minis Fils-Aimé lòd pou li ranmase ak egzamine tout prèv ki gen pou wè ak moun Etazini, Kanada ak Nasyonzini te sanksyone pou wòl yo ta genyen nan destabilize peyi a.
Nan dènye rapò trimestriyèl "Bureau intégré des Nations-Unis en Haïti" (BINUH) mete deyò madi 4 fevriye 2025 lan, yo fè konnen gen 1732 moun ki mouri ann Ayiti nan katriyèm trimès ane 2024 la.
Pòtpawòl Nasyonzini, Stephane Dujarric deklare ke Etazini Jele kontribisyon li pou fòs sekirite miltinasyonal Ayiti ki an tèt li peyi Kenya Ayiti a , Valerio Saint Louis Depi New York gen detay.
WASHINGTON (AP) — Lendi maten bonè, milyadè Elon Musk, ki se konseye Trump, te fè yon sesyon an dirèk sou X Spaces, ansyen Twitter Spaces, kote li di li te diskite an detay sou USAID ak prezidan an.
Prezidan Konsey Prezidansyèl Tranzisyon an, enjenyè Lesly Voltaire, retounen, aprè midi vendredi 31 janvye 2025 lan, nan Ayewopò Entènasyonal Okap la apre yon toune li te fè an Ewòp.
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, rankontre prezidan fransè a Emmanuel Macron jodi mèkredi 29 janvye 2025 lan.
Load more