#1 KPT a di Task Force sila a gen ladan li tout inite Polis nasyonal la, palè a, ak primati a. Li presize inite sa yo te konn ap defann yon pwen fiks men kounya y ap atake.
Samdi 1e mas la nan aprèmidi, Task Force la t atake chèf gang Jimmy Chérizier nan fyèf li, anba Dèlma a. Selon Prezidan Voltaire, se bal enspektè Paraison te pran pandan afwontman Fòs lòd yo ak gang Viv ansanm nan ki te deklanche operasyon Task Force la, nan jou sila a.
Jimmy Chérizier, alyas Barbecue, ta pral poste yon videyo sou rezo sosyal yo nan samdi swa pou minimize atak sila a epi anonse l ap gen pou l riposte.