Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Aristide Egzije Bon Jan Aksyon Kont Ensekirite a


Former Haiti President Jean-Bertrand Aristide
Former Haiti President Jean-Bertrand Aristide

Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide reklame bon jan aksyon kont ensekirite a.

Lidè Fanmi Lavalas la te pwononse l sou ensekirite a nan diskou li pandan gradyasyon etidyan « Université de la fondation du Dr Aristide » yo, dimanch 2 mas 2025 lan.

« Sa nou bezwen se pa pwomès sekirite. Non. Se sekirite. Sa nou vle, se sekirite. Nou egzije pou sekirite sila tabli nan Pòtoprens menm jan ak nan tout seksyon kominal dis depatman peyi a », deklarasyon ansyen pè Salezyen an.

Jean-Bertrand Aristide raple « twòp san deja koule. Twòp viktim. Twòp fanmi inosan deja kite kay yo…Twòp dlo soufrans koule nan je moun debyen ».

Pou rapèl, Leslie Voltaire, aktyèl prezidan Konsèy prezidansyèl k ap dirije peyi Dayiti nan moman an, se reprezantan Fanmi Lavalas.

XS
SM
MD
LG