Lapolis ak ajan « sûreté » sezi plis pase $100,000 Ameriken nan èpòt Okap la, samdi 1e mas la. Lajan sila a t ap soti Naso (Bahamas).
Daprè yon atik ki soti nan jounal Nouvelis, lajan sa a te nan yon ti sak. Yo te konte $106, 260 nan ti sak sila a.
Enfòmasyon yo revele tou se Enfant Dieu St Juste ki te voye kantite kòb sa a pou Luckenson Clervaux ak Érilène Bernadin. Aprè konsta jijdepè Dieula Benjamin, lapolis ta pral arete Luckenson ak Érilène. Yo sispèk 2 benefisyè yo ta gen men yo tranpe nan blanchiman lajan ak finansman teworis.