Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, mande LONU panse ak yon Operasyon Mentyen Lapè pou Ayiti, nan yon kominike ki pote dat jedi 30 janvye 2025 la, yon jou aprè rankont li ak Prezidan KPT Ayiti a, Leslie Voltaire, nan palè Élysée a.
Desizyon nouvo administrasyon Donald Trump lan pou jele finansman ki gen pou wè ak pwogram èd etranjè, bay enkyetid pou Ayisyen k ap viv ak jèm SIDA a nan san yo.
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, rankontre prezidan fransè a Emmanuel Macron jodi mèkredi 29 janvye 2025 lan.
Nu Look Prezante Spektak nan 'La Nuit Des Hits', Montreal.
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, jistifye rankont li ak Pap François, samdi 25 janvye 2025 la, nan Vatikan. Nimewo 1 KPT a di: « M ap frape pòt moun ki renmen Ayiti. Pap la renmen Ayiti. Li pa ka tann pou l ede ».
Ghada Waly, direktris egzekitif Biwo NasyonZini kont Trafik Dwòg ak Krim (ONUDC), fè konnen aktè politik ak ekonomik yo itilize endistri Zangi a pou fè blanchiman lajan, nan peyi Dayiti.
Nan yon rapò li pibliye jou mèkredi 22 janvye 2025 lan, Antonio Guterres, sekretè jeneral ONU pa mete dlo nan bouch li pou li kritike gouvènman tranzisyon an ak aktè politik yo.
Konpayi Spirit Airlines anonse l ap rekòmanse fè vòl dirèk soti Fort Lauderdale pou rive Okap apati 5 mas 2025.
Enfòmasyon yo revele Terminal Varreux, prensipal kote yo estoke gaz nan peyi Dayiti, pa t fonksyone yè madi 21 janvye 2025 la paske bandi yo bloke wout ki mennen nan tèminal la.
Pandan premye dimanch nan seri yo rele “dimanch anvan kanaval la” t ap dewoule nan plizyè vil nan peyi a, nan komin Kafou se gang yo ki te pran inisyativ la dimanch 19 janvye 2025 la.
Caribbean Port Services (CPS) reprann aktivite l depi samdi 11 janvye.
Leslie Voltaire te itilize « langue de bois » pou li pa t reponn kesyon jounalis sou akizasyon detounman lajan ransèyman an, nan yon konferans pou lanse « Mardis de la nation », yè madi 14 janvye 2025 la nan Villa d’acceuil, nan Petyonvil.
Nan yon entèvyou prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a (KPT), Leslie Voltaire, te bay Magik9 (100.9) dimanch 12 janvye 2025 la, li fè konnen « gang yo pa ka fè pati solisyon an ».
Atis Joé Dwèt File kontinye ap vale teren ak mizik li ki rele « 4 Kampé » a.
Ensekirite a ki paralize sektè transpò nan peyi d Ayiti lakoz moun nan vil pwovens yo ap monte yon maswife pou jwenn lajan pou yo fonksyone.
Tout aktivite y oblije kanpe nan Carribean Port Services (CPS) yo, ki se prensipal pò ki desèvi kapital ayisyèn nan, jedi 10 janvye 2025 lan, aprè menas chèf gang Site Solèy la, Mikanò.
Atis Ayisyen popilè, pami yo - Zenglen ak T-Vice te pote chalè yo bay fanatik yo nan Montreal pou joudlan. Sindy Ducrepin te sou plas pou VOA Kreyol.
Load more