Daprè minis lan, yo dispoze 170 milyon goud nan bidjè sila a pou kanaval nasyonal la ki pral fèt nan vil Fò Libète soti 2 pou rive 4 mas 2025.
Delatour esplike chwa Fò Libète pou dewoulman kanaval nasyonal la se yon chwa estratejik pa rapò ak ensekirite a nan Pòtoprens ak travay asenisman yo k ap fèt nan vil Okap. Li di tou desizyon sila a enskri tèt li nan pwogram nasyonal pou desantralizasyon an.
Patrick Delatour kwè kanaval sila a pral benefik pou kapital depatman Nòdès la. Selon minis Delatour, kanaval la pral pèmèt : amenajman ak restorasyon Fò Dofen, ranfòse travay yo nan sant « hospitalier » a, prepare ak lanse pwojè pò Fò Libète a ak prepare pwojè pou refè pis avyasyon an.