Accessibility links

Breaking News

CARiMi Kase Randevou Miami


CARIMI Ranpli UBS Arena
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:56 0:00

CARIMI Ranpli UBS Arena

Ansyen gwoup CaRiMi ap kontinye konsè reyinyon li yo nan Amerant Bank Arena (Miami), jou vandredi 21 mas 2025 la.

Pèfòmans sila a nan Sunshine State la ap rive anviwon 3 mwa aprè prestasyon yo nan Long Island, nan UBS Arena, jou ki te 27 desanm 2024 la. Gwoup la te jwe devan plis pase 19 mil moun.

N ap raple premye konsè retou CaRiMi te fèt Paris, nan Accor Arena, 15 oktòb 2022, apre gwoup la te fin kraze nèt nan lane 2016. Konsè memorab sa a ta pral vire an trajedi ak lanmò chantè Mikaben, devan je tout moun sou sèn nan.


XS
SM
MD
LG