Aprè nèg ak zam te fin touye antreprenè Robenson Rendel, dimanch 5 janvye 2025 la, sou lakou legliz Pèpètyèl la nan Delma 75, Pawas la pwononse l sou evenman sila a nan yon nòt pou laprès.
75 militè ki soti Gwatemala ak 8 ki soti Salvadò te debake Pòtoprens nan avyon militè, jou ki te vandredi 3 janvye 2025 lan, E yon dezyèm gwoup ki te 77 ofisye ki soti nan peyi Gwatemala te rive samdi 4 janvye 2025 lan.
Aprè bandi gang Dinozò yo te fin boule yon blennde PNH la ki te pran pán nan lokalite Savyen, Polis nasyonal la voye deplwaye lòt polisye ak 2 nouvo blennde pou ranfòse tèt li nan Ti Rivyè Latibonit.
Atis ayisyen an Kenny Haiti jwenn nominasyon l nan Trace Awards 2025. Chantè a ki nomine nan kategori « Best artist diaspora in the Caribbean » bezwen vòt pou li ka ranpòte kategori sila a ki gen yon atis ladan tankou Shenseea.
Nan kad selebrasyon 221e ane endepandans peyi Dayiti, Premye minis Kanada a, Justin Trudeau, fè konnen li kenbe angajman l te genyen pou l ede pèp ayisyen an retabli demokrasi, sekirite, estabilite ak reponn ak bezwen ijan kouch ki pi fèb yo.
Fan Richard Jean-Hérard (Richie) yo te pran inisyativ fè estati l sou plas Vincent nan Okap. Estati sa a ki te jwenn apwobasyon lameri vil la te inogire nan jou ki te samdi 28 desanm 2024 la pandan toune djaz mayestwo a, Klass, nan dezyèm vil peyi a.
Roody Roodboy di sitiyasyon peyi a enkyetan, li te pale konsa pandan konsè li Kanada
Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an pibliye kad legal pou Conseil National Sécurité a nan jounal Le Moniteur jou ki te vandredi 20 desanm 2024 la.
Pou ane 2024 la, pou pi piti 30 chofè machin nan sektè transpò piblik la mouri akoz vag vyolans yo an Ayiti.
Konsèy Prezidansyèl la revoke Dr Duckenson Lorthé BLEMA nan tèt ministè sante a.
Fanatik group mizikal ayisyen KLASS te kontan wè mizisyen yo pandan pasaj yo nan Montreal Kanada.
Chantè Medjy soti nan silans li pou li anonse yon gwo konsè nan Place Bell (Monreyal) 25 fevriye 2025.
Lajistis mete manda dèyè Pascal Raoul Pierre-Louis ak Lornick Léandre nan dosye koripsyon BNC a
Gouvènman ayisyen an anonse li mete sou pye yon pwogram tou nèf, ki koute plis pase 1 milya goud, pou « soutni » popilasyon ayisyèn nan. Otorite yo fè anons sa a nan yon kominike pou laprès, dimanch 22 desanm 2024.
Mèkredi 18 desanm 2024, Fanmi Lavalas te pran lapawòl, yon lòt fwa ankò, pou eksprime dezakò l sou jan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an ap mennen bak peyi a.
Ekriven ayisyen Gary Victor se youn nan 10 finalis pou 23 e edisyon Prix des 5 continents de la francophonie.
« Nan moman an, gen anviwon 100 000 Ayisyen k ap viv Meksik », daprè « Chargée d’affaires » peyi Meksik nan Pòtoprens
Load more