Accessibility links

Breaking News

Macron Mande LONU Anvizaje yon Operasyon Mentyen Lapè pou Ayiti


Haiti UN Mission
Haiti UN Mission

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, mande LONU panse ak yon Operasyon Mentyen Lapè pou Ayiti, nan yon kominike ki pote dat jedi 30 janvye 2025 la, yon jou aprè rankont li ak Prezidan KPT Ayiti a, Leslie Voltaire, nan palè Élysée a.

Kominike a presize Macron fè ONU rekòmandasyon sa a pa rapò ak vyolans gang yo ki destabilize peyi a epi ki te lakoz plis pase 5 mil moun pèdi lavi yo, ane pase.

Kominike sila espesifye tou pèp ayisyen an kapab konte sou soutyen Lafrans ki toujou prezan nan Pòtoprens.

Li di tou Lafrans ap kontinye mobilize patnè l yo nan Inyon Ewopeyèn pou yo bay otorite ayisyèn yo mwayen pou yo lite kont gang kriminèl yo epi sanksyone tout sila yo ki kontribiye nan destabilize peyi a.

XS
SM
MD
LG