Accessibility links

Breaking News

Prezidan KPT A Fè Bilan Li Apre Vizit li an Ewòp


Prezidan Konsey Prezidansyèl Tranzisyon an, enjenyè Lesly Voltaire, retounen, aprè midi vendredi 31 janvye 2025 lan
Prezidan Konsey Prezidansyèl Tranzisyon an, enjenyè Lesly Voltaire, retounen, aprè midi vendredi 31 janvye 2025 lan

Prezidan Konsey Prezidansyèl Tranzisyon an, enjenyè Lesly Voltaire, retounen, aprè midi vendredi 31 janvye 2025 lan, nan Ayewopò Entènasyonal Okap la apre yon toune li te fè an Ewòp.

Prezidan KPT a te pwofite fè yon bilan sou vizit sa a pou VOA Kreyol.

Lesley Voltaire fè konnen li te chita pale ak Pap François e te mande’l pou pou li òganize yon Konferans Entènasyonal Solidarite ak Ayiti.

Prezidan KPT a deklare li te gen diskisyon ak yon òganizasyon ki rele Ayiti FIDS, anndan Nasyon Zini, ki konsantre sou agrikilti ak lit kont povrete, e ki gen pwojè nan Sidès, Nò, ak Nòdès.

Prezidan KPT a te fè echanj ak Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, sou sekirite e kestyon dèt endepandans lan te abode nan diskisyon yo.


Prezidan Lesly Voltaire deklare ke li te pwofite pale ak ansyen prezidan François Hollande, ki kounye a se prezidan Fondasyon Memwa Esklavaj.

Pandan l te an Frans, Nimewo 1 KPT a te reponn kestyon jounalis TV5, RF1 ak Frans 24 sou sitiyasyon difisil popilasyon Ayisyen an e te eksprime rekonesans li pou tout moun ki soutni Ayiti.

Prezidan Lesly Voltaire fè konnen ke lap frape tout pòt

Lè Jounalis VOA Kreyol la nan Okap te mande’l ki repons li jwen, Prezidan Lesly Voltaire di ke li repons yo poko la.

Enjenyè Lesly Voltaire pwomèt fè eleksyon ki onèt ak demokratik nan peyi a.

Prezidan KPT a Lesly Voltaire Retounen Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:03 0:00

XS
SM
MD
LG