Accessibility links

Breaking News

Leslie Voltaire : "Gang yo Fè Bak nan Kèk Zòn" nan Peyi a


Prezidan Konsey Tranzisyon Ayiti a, Leslie Voltaire pandan yon entevyou ak Associated Press nan vil Wom an Itali, 25 Janvye, 2025.
Prezidan Konsey Tranzisyon Ayiti a, Leslie Voltaire pandan yon entevyou ak Associated Press nan vil Wom an Itali, 25 Janvye, 2025.

Nan yon interview li bay RFI, Leslie Voltaire revele gang yo rekile nan plizyè katye ak rejyon, tankou Delma 2 ak rejyon Latibonit la.

Achitèk la eksprime konfyans li nan Polis Nasyonal Ayiti ak Fòs miltinasyonal ki ap travay pou "refoule" gang yo.

Prezidan KPT a site ogmantasyon 200 nouvo polisye kenyan yo ki rive nan peyi a nan kòmansman ane 2025 la, gradyasyon 739 nouvo polisye ki vin ranfòse PNH ak 1200 sòlda sou teren an, san konte sipò materyèl li jwenn nan men Etazini ak Lafrans.

Leslie Voltaire deklare : "Mwen panse gang yo kòmanse ap fè bak nan plizyè katye. Y ap atake lòt zòn. Mwen panse nou pral gen yon pi bon sekrite nan zòn metwopolitèn nan".

Chèf KPTa, trè optimis, li rete kwè pasifikasyon peyi a an 2025 "totalman posib".

XS
SM
MD
LG