Accessibility links

Breaking News

Kèk Òganizasyon nan Sektè Prive a pa Dakò Kanaval la Fèt


Revellers participate in the Carnaval des Fleurs, or Carnival of Flowers, during the three-day festival in Port-au-Prince, July 29, 2013. Picture taken July 29, 2013. REUTERS/Marie Arago (HAITI - Tags: SOCIETY) - GM1E97V0B5001
Revellers participate in the Carnaval des Fleurs, or Carnival of Flowers, during the three-day festival in Port-au-Prince, July 29, 2013. Picture taken July 29, 2013. REUTERS/Marie Arago (HAITI - Tags: SOCIETY) - GM1E97V0B5001

Association des industries d’Haïti (ADIH) ak Chambre de commerce et d’industrie haitiano-canadienne (CCIHC) eksprime dezakò yo sou reyalizasyon kanaval la ane sa a.

Òganizasyon sa yo esplike desizyon gouvènman an pou finanse fèt sila a pa bobo ditou ak reyalite peyi a ap viv nan moman an. Y estime tou, nan kontèks sa a, leta pa fè prèv responsabilite nan fason li chwazi depanse lajan.

Nan yon lèt li te voye bay Konseye-prezidan #1 an, Leslie Voltaire, 10 fevriye 2025, ADIH fè konnen li t ap pi bon si otorite yo konsantre tout efò yo pou bay sekirite ; amelyore kondisyon lavi popilasyon an, sitou sa bandi fè kouri kite lakay yo ; relanse ekonomi an ak sipòte antrepriz lokal yo.

CCIHC ale nan sans ADIH a nan yon nòt li pibliye mèkredi 12 fevriye 2025 lan. Li mande Leta pou li fè tout inisyativ ki kapab retabli « état de droit » ak bòn gouvènans nan peyi a tounen pi gwo priyorite nasyon an.

Gouvènman prevwa òganize kanaval nasyonal la Fò Libète soti 2 pou rive 4 mas 2025. Kanaval la ap koute leta ayisyen 300 milyon goud.

XS
SM
MD
LG