Daprè pòs sila a, FBI ak Depatmandeta klase dosye sa yo sekrè.
Kidonk li mande deklasifye yo pou « pèp ayisyen an ka jwenn jistis, lapè ak opòtinite ».
Nan mesaj sila a l adrese prezidan ameriken an, Martine Moïse akize piblikman aktè ki sou pouvwa jounen jodia. Li fè konnen sila yo ki gen dwèt yo plonje nan krim « malouk » sa a kontwole pouvwa egzekitif la ak tout pouvwa jidisyè a.
Jovenel Moïse, 57e prezidan peyi a, te rive jwenn lanmò l anndan lakay li 7 jiyè 2021. Ankèt sou krim nan ap trennen lajistis toujou.
Madan Moïse fè pati yon senkantèn moun jij enstriksyon Walter Bélizaire t enkilpe nan dosye asasina ansyen prezidan an, nan mwa fevriye 2024.