Accessibility links

Breaking News

Fanmi Lavalas Akize KPT a Dèske li Chwazi fè Tranzisyon an Echwe


Manm Lavalas Nan Boston Vle Mete Fen Nan Divizyon Kap Trakase Pati a
Manm Lavalas Nan Boston Vle Mete Fen Nan Divizyon Kap Trakase Pati a

Nan yon entèvyou li t ap bay sou Magik9, madi 4 fevriye 2025 la, Joël Édouard Vorbe, manm komite egzekitif Fanmi Lavalas, deklare Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an chwazi fè tranzisyon an echwe.

Pou kore deklarasyon sa a, Vorbe eksplike aprè 10 mwa li finn pase sou pouvwa a KPT a pa pran twòp inisyativ pou retabli sekirite nan peyi a.

L ale pi lwen pou li di manm KPT yo aksepte kenbe peyi a nan enstabilite li twouve l la paske sa pèmèt yo jwi privilèj ki vini ak pòs yo a.

Sepandan, chak semèn, gouvènman an oganize aktivite nan Potoprens pou anonse pwojè li mete sou pye nan domèn tankou lit kont koripsyon, edikasyon, ak oganizasyon eleksyon.

Premye Minis Alix Didier Fils-Aime te patisipe semen sa a nan yon atelye travay ak oganizasyon dwa moun yo pou diskite sou kestyon tankou referandom konstitisyonel la ak eleksyon

XS
SM
MD
LG