Avoka ansyen nimewo 1 lapolis la, Mèt Bernard Gousse, bay asirans kliyan l lan ap pote tèt li vini.
Léon Charles te nan tèt Polis nasyonal la lè yo t asasinen Jovenel Moïse nan chanm lakay li, 7 jiyè 2021.
Nan kad dosye sila a, Lakoudapèl te kontinye tande Félix Badio menm jou lendi a. Rapò Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) a te fè lyen ant Badio ak mèsenè Kolonbyen yo ki t enplike nan konplo pou touye prezidan an.
Kou a te mete Badio anfas Kolonbyen yo. Kolonbyen yo di yo pa t gen kominikasyon ak Badio ni yo pa t rankontre l nonplis. Badio nye tout kontak yo tou.