Jedi 20 Fevriye a Sena Ameriken an ki kontwole pa on majorite Repibliken te konfime Kash Patel, yon alye Prezidan Donald Trump, kòm direktè FBI, pi gwo ajans ki fè respekte lalwa nan peyi Etazini.
Jedi 20 fevriye a lajistis Ajantin abandone akizasyon yo te genyen kont 3 sispè nan dosye lanmò chantè ameriken an Liam Payne, ki se ansyen manm gwoup One Direction ki te mouri nan yon otèl nan mwa Oktòb pase a.
Ministè Jistis gouvènman Trump lan te eseye Mèkredi konvenk yon jij pou li fèmen dosye koripsyon ki vize majistra New York la, Eric Adams, apre li te fè fas ak rezistans pwokirè yo pandan yon semenn epi sa te lakòz yon kriz politik ak jidisyè.
Lakou dapèl nan Pòtoprens anile manda konparisyon kont twa konseye prezidansyèl ki te gen non yo site nan eskandal koripsyon Bank Nasyonal Kredi (BNC) a.
Daprè sa plizyè temwen ak pwòch viktim yo rapòte, Gang Vitelòm nan masakre plis pase yon dizèn moun Pènye, dimanch 16 fevriye 2025 lan.
Jou ki te lendi 17 fevriye 2025 lan, Lakoudapèl Pòtoprens t egzije Léon Charles pou li prezante devan l nan kad zak sasinay sou ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Gouvènè Eta New York la, Kathy Hochul, te deklare lendi li ap anvizje wetire majistra New York City, Eric Adams, nan pòs li apre kat nan prensipal adjwen li yo anonse demisyon yo.
Dosye Jovenel Moïse : Akize Joseph Félix Badio mande Koudapèl mete l fas a fas ak plizyè pèsonalite, pami yo Pierre Espérance
Nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la akize Joseph Félix Badio mande Koudapèl mete l fas a fas ak plizyè pèsonalite, pami yo reponsab RNDDH la Pierre Esperance.
L’UNESCO lanse yon pwogram sipò psikososyal pou jounalis ki viktim atak bandi yo te fè nan Lopital Jeneral 24 desanm 2024 la.
Biwo pwokirè federal Manhattan nan New York la , ki te mennen ankèt sou anpil ka ki sansib, pami yo ankèt sou majistra New York Eric Adams demisyone.
Load more