Prezidan Donald Trump fè yon vizit nan Depatman Jistis la Vandredi kote li plenyen pou envestigasyon kriminèl yo te mennen kont li ki te menase pou gate karyè politik li. Prezidan an te menm joure advèsè li yo epi prezante tèt li kòm viktim pwosè enjis pou rezon politik.
Pou pi fò, diskou a te gen entansyon ranmase sipò pou ajènda sere-boulon kriminèl Trump la.
Men li te reprezante tou yon fason pou prezidan an selebre le fèt ke li pa sibi okenn domaj apre 2 pwosè federal ke jij yo te kite tonbe apre li te eli pou yon dezyèm manda nan mwad Novanm 2025.