Enflasyon Etazini ogmante nan mwa janvye a, tankou pri manje, gazolin ak lojman, pandan lòt pri pwodwi yo, kontinye ap ogmante tou. VOA te pale ak kèk ekonomis sou kòman administrasyon Trump la ka fè pou bese pri yo
Prezidan fransè Emmanuel Macron di li pral di tokay Ameriken li Donald Trump ke li "pa ka parèt fèb" an fas Vladimir Putin e ke "enterè estratejik li se menm ak nou."
Sekrete de pres Lamezonblanch la detaye sa Prezidan Donald Trump rive akonpli pandan premye mwa li sou pouvwa a.
WASHINGTON, 20 fevriye (Reuters) - Konseye Sekirite Nasyonal Ameriken Mike Waltz di jedi 20 fevriye a ke tout manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik yo dwe depanse 2% yo a nan defans avan pwochen somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, ki fikse pou mwa jen.
Prezidan fransè a Emmanuel Macron fè konnen "pa gen moun ki gen dwa di" "Ikrèn pa ka rantre nan" Inyon Ewopeyen an oswa Òganizasyon Trete Nò Atlantik, li te fè komantè sa yo pandan yon echanj ak itilizatè entènèt sou rezo sosyal yo.
Administrasyon Prezidan Donald Trump te bay lòd pou kanpe sistèm fe moun peye pou dekonjesyone anbouteyaj nan Vil Nouyòk la.
Jedi 20 Fevriye a Sena Ameriken an ki kontwole pa on majorite Repibliken te konfime Kash Patel, yon alye Prezidan Donald Trump, kòm direktè FBI, pi gwo ajans ki fè respekte lalwa nan peyi Etazini.
Prezidan ameriken Donald Trump akize Ikrèn Mèkredi dèske yo maltrete Sekretè Trezò a, Scott Bessent, semenn pase a pandan vizit li nan Kyèv kote li te ale rankontre ak prezidan Volodymyr Zelensky.
Ministè Jistis gouvènman Trump lan te eseye Mèkredi konvenk yon jij pou li fèmen dosye koripsyon ki vize majistra New York la, Eric Adams, apre li te fè fas ak rezistans pwokirè yo pandan yon semenn epi sa te lakòz yon kriz politik ak jidisyè.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump di li renmen lide pou remèt kèk pati nan ekonomi ki soti nan Depatman Efikasite Gouvènman Elon Musk la bay sitwayen ameriken yo kòm yon kalite dividan.
Load more