Accessibility links

Breaking News

Otorite Imigrasyon yo Arete yon 2em Moun ki te Patisipe nan Manifestasyon Pwo-Palestinyen


Campus Protests Immigration Arrest
Campus Protests Immigration Arrest

Otorite imigrasyon yo arete yon dezyèm moun ki te patisipe nan manifestasyon pwo-Palestinyen nan Inivèsite Columbia. Yo revoke viza yon lot etidyan.

Depatman Sekirite Nasyonal deklare Vandredi ke Leqaa Kordia, yon Palestinyen ki se moun Sisjodani, jwenn arestasyon li akoz viza etidyan li te ekspire.

Yo te arete Kordia anvan sa poutèt mamzèl te patisipe nan manifestasyon nan Inivèsite Columbia nan mwad Avril 2024.

Administrasyon Trump la revoke tou viza Ranjani Srinivasan, yon sitwayen peyi End ak etidyan doktora 5 Mas "poutèt li tap pwomouvwa vyolans ak teworism."

XS
SM
MD
LG