" Sètènman pral gen yon akò wo nivo ke mwen panse ki pral satisfè enkyetid sekirite nasyonal nou yo, ki pèmèt gen yon antrepriz Ameriken jere TikTok" li te di NBC News pandan yon entèvyou abò Air Force Two.
Prezidan Ameriken Donald Trump te mete Vance ak konseye sekirite nasyonal Michael Waltz mwa pase a pou sipèvize lavant potansyèl aplikasyon medya sosyal la.
Sò ak avni TikTok ap balanse 2 bò Ozetazini depi apre kongrè ameriken te pase yon lwa ki mande pwopriyetè li ByteDance swa vann li pou rezon sekirite nasyonal oswa yap entèdi aplikaayson mobil la fonksyonen sou tèritwa nasyonal la .