"Nou ap negosye ak 4 gwoup diferan, e gen anpil lòt moun ki enterese," se deklarasyon Donald Trump ki t ap reponn yon kesyon sou TikTok yè dimanch la abò avyon Air Force One.
"Li ta ka" posib pou n jwenn yon akò byento, dapre sa li ajoute, e li kwè 4 pwopozisyon yo "bon".
20 janvye, apèn envesti, Prezidan Donald Trump te bay ByteDance, konpayi Chinwa ki gen kontwòl TikTok la, yon delè 75 jou pou l vann aktivite ameriken li yo, sinon platfòm trè popilè sa a te sipoze entèdi Ozetazini, dapre yon lwa Kongrè a te vote ane pase. Men, dat limit la ta ka pwolonje.
Plizyè moun sou liy nan, men sanble ByteDance pa enterese pou vann li.
Pami pwojè ki sou lis la, se "Pwojè Libète" ke pwomotè byen imobilye ak pwopriyetè Olympique de Marseille Frank McCourt kreye.
Start-Up Entèlijans atifisyèl “Perplexity AI”, bò kote pa li, voye yon pwopozisyon bay Bytedance pou fè yon sèl ak filyal ameriken TikTok la, ki ta ogmante valè rezo sosyal la pou piti ak 50 milya dola.
Gen lòt pèsonalite ki montre enterè yo, pami yo gen enfliyansè MrBeast epi Steven Mnuchin, ki te minis Trezò pandan premye manda prezidan Donald Trump la.
Mezon Blanch mansyone tou, lòt achtè potansyèl, tankou konpayi Microsoft, Oracle, ak Elon Musk, menm si Musk te deklare nan fen mwa janvye a, li pat fè okenn òf.
lwa kont TikTok la, ki fonde sou sekirite nasyonal, te antre anvigè 19 janvye, e menm moman an, 170 milyon itilizatè TikTok Ozetazini yo pat gen aksè nan rezo sosyal la pou kèk èdtan.
Apple ak Google te wetire sèvis la nan sistèm app mobil yo (konsa yo te anpeche mizajou ak nouvo telechajman), men li te tounen nan sistèm nan 13 fevriye apre minis Jistis la, Pam Bondi, te voye yon lèt pou asire yo.