TikTok retounen sou Apple Store ak Google Play preske yon mwa apre Prezidan Donald Trump te retade entèdiksyon li jiska 5 avril e li te asire ke konpayi tankou Apple ak Google pa ta dwe penalize pou distribye oswa kenbe aplikasyon Chinwa a nan sitèm yo.
Aplikasyon TIKTOK La Retounen Sou Apple Store
Yon gwoup envestisè ki gen Elon Musk kòm lidè di yo ofri $97.4 milya dola pou achte òganizasyon karitativ ki dèyè OpenAI la, sa ki agrave yon konfli ant konpayi entèlijans atifisyèl saa ak Musk ki te ede fonde l.
UNESCO remèt, madi sa a, yon seri ekipman pou nimerize achiv yo nan Institut de Sauvegarde du Patrimoine National (ISPAN). Inisyativ sa a fè pati pwojè ranfòsman ISPAN, pou modènize konsèvasyon patrimwàn ayisyen an.
WASHINGTON (AP) — Meta te dakò pou peye Trump $25 milyon pou yo kapab jwenn yon antant nan kad yon pwosè Prezidan Donald Trump te depoze kont konpayi an apre li te sispann kont li apre atak 6 janvye 2021 sou Kapitòl la.
Startup Chinwa DeepSeek kreye panik nan Wall Street apre yo bay rapò sou konbyen kòb yo depanse pou devlope pwodwi Entèlijans Atifisyèl yo a
Vandredi 24 janvye 2025, Bank Repiblik Ayiti (BRH) ak Fakilte Syans UEH lanse pwogram TIC-Haïti-BRH nan Karibe Convention Center. Inisyativ sa a, ki vize fòmasyon nan nouvo teknoloji enfòmasyon, pral ede etidyan yo devlope inovasyon dijital.
Nouvo prezidan ameriken an, Donald Trump, Bay TikTok 75 jou pou li ranje koze li.
21 janvye (Reuters) - ByteDance, ki se konpayi paran TikTok, planifye pou l envesti plis pase $ 12 milya dola nan enfrastrikti entèlijans atifisyèl ane sa a; envestisman sou teknoloji modèn bon pou nouvo kwasans li, dapre sa Financial Times te rapòte madi.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè lendi 20 janvye a ki bay lòd pou administrasyon n nan pa fè respekte, pandan 75 jou, lwa ki entèdi rezo sosyal TikTok fonksyone sou tèritwa ameriken an.
Load more