Accessibility links

Breaking News

Anbisyon AI Trump ak DeepSeek Lachin Jete Lombraj sou Somè Entelijans Atifisyèl Paris a


Lapolis fe patwouy devan antre Grand Palais a, kote Some Aksyon AI a pral dewoule nan vil Paris, La Frans, 9 Fevriye 2025.
Lapolis fe patwouy devan antre Grand Palais a, kote Some Aksyon AI a pral dewoule nan vil Paris, La Frans, 9 Fevriye 2025.

Aspè Jeyopolitik entelijans atifisyèl se pral pwen santral yon gwo rankont o somè kap dewoule an Frans semèn sa a.

Lidè mondyal, responsab wo plase ak ekspè pral rasanble Paris pou Somè Aksyon AI a kote yo pral travay sou kijan pou yo gide devlopman teknoloji sa a kap avanse rapidman.

Se dènye nan yon seri diyalog global ki dewoule ozalantou gouvènans AI.

Li vini nan moman kote Lachin kreye yon gwo boz ak chatbot DeepSeek li a ki bon mache.

Vis Prezidan Ameriken JD Vance ap fè premye vwayaj li nan peyi etranje pou asiste rankont sa a.

Prezidan Chinwa a, Xi Jinping ap voye anvwaye espesyal li, sa ki siyale gen bagay enpotan ki an je nan rankont sa a.

XS
SM
MD
LG