Milyadè Elon Musk deklare li pa enterese achte TikTok, aplikasyon videyo kout popilè ke Etazini ap eseye entèdi akoz kè sote pou sekirite nasyonal. Se konpayi Chinwaz ByteDance ki se mèt aplikasyon sa a.
Musk fè komantè sa yo nan fen mwad Janvye a men se Samdi sèlman ke yo te vinn piblik. Yon konpayi medya Alman ki rele WELT Group. Konpayi sa a fè pati gwo medya Alman Axel Springer SE, ki te oganize yon rankont o somè kote pwopriyetè Tesla a, Musk, te rejwenn konferans yo a pa videyo.