Aktivis yo di detansyon yon tinedjè Alabama nan yon prizon pou granmoun vyole lwa federal yo ak lwa eta a ki mande pou yo mete prizonye ki se minè yon kote separe ak granmoun yo.
Djovani Jean-Pierre pase 17èm anivèsè li fèmen nan prizon Konte Marshall la. Li fèmen nan prizon sa a depi plis pase mwatye ane skolè a pandan l ap tann dewoulman pwosè li.
Sou konsèy yon nèg 51 an ki pataje selil prizon an avè l, Jean Pierre evite kontak ak lot moun nan prizon an. Jèn jan dorijin Ayisyèn nan di li wè prizonye ki gen tatouwaj swastika sou ko yo epi li wè prizonye kap bat lot. Pèson pa vizite li ni an pèson ni paran li non plis depi prèske 6 mwa li pase femen nan prizon an.
Jean Pierre di Associated Press: "Sa rèd nèt. Mwen rete nan selil mwen."
Yo akize misye dèske li te volè zam a fe e l ap fè fas ak posibilite pou l ta pase rès vi l nan prizon si yo kondane l.
Aktivis yo di minè ke yo mete nan prizon kote ki gen granmoun vilnerab pou abi. Yo di sityasyon Jean-Pierre la vyole klèman lwa eta a ak lwa federal ki entèdi detansyon minè "yon kote yo ka wè, tande ni gen kontak fizik ak prizonye adilt."
Yon sharif di pou respekte lwa federal yo epi separe l ak prizonye ganmoun yo, yo ta oblije mete Jean-Pierre nan yon selil poukont li, sa ki ta gen move konsekans pou li.
Lwa eta Alabama bay jij yo plis diskresyon pou anpeche kèk moun yo akize de krim vyolan posibilite pou yo gen libète sou kosyon. Se premye fwa Jean-Pierre anba kod, men si yo kondane l li taka oblije pase rès vi l nan prizon.
Kantite tinedjè ki fèmen nan prizon pou adilt Ameriken bese de 10,420 an 2008 a mwenske 2,250 an 2021 dapre done Biwo Statistik Jistis pibliye resaman. Prèske 90% tinedjè sa yo fèmen nan prizon lokal kote yo konn mete moun anvan yo kondane yo.
Istwa Jean-Pierre
Avoka akizasyon yo di "plizyè temwen" te wè Jean-Pierre, ki te gen 16 zan nan epok la, sèvi ak yon zam pou volè yon pistolè nan men yon moun nan yon fèt nan mwad Septanm nan. Oken zam pat tire e pèsonn pat blese.
Yon ofisye resous lekol la te pase a l aksyon apre yon moun te rakonte l istwa a epi li t al arete Jean-Pierre pandan li tap patisipe nan yon antrenman foutbol yon jou apre fèt la. Yo te jwenn zam li te volè a nan sak li. Yo akize Jean-Pierre tou dèske li te atake ofisye resous lekol la.
Otorite yo di yo te arete Jean-Pierre paske li te volè zam lan men pa gen okenn prèv ki ta montre li te gen entansyon sèvi avè l nan lekol la.
Nan epok la, avoka Jean-Pierre te di akizasyon yo ak detansyon li te fèt pou rezon rasyal. Moun Albertville ki se ti bouk kote li rete a gen yon popilasyon Ayisyen kap ogmante e sa enève sitwayen yo.
Prèske 1,000 moun siyen yon petisyon pou di tinedjè a gen bon karaktè e yo apiye lide pou yo ta transfere dosye li nan yon tribinal pou minè, kote yo mete dosye yo anba sele epi kenbe timoun yo nan enstalasyon ki fèt espesyalman pou minè.
Sepandan Pwokirè Konte Marshall la, Jennifer Bray deklare lwa eta Alabama ak prèv yo genyen - pami yo temwayaj yon temwen - anpeche l akize misye kom minè. Bray optimis li pral jwenn yon solisyon ak avoka Jean-Pierre la ki pran an konsiderasyon responsabilite ak konpasyon pou ke li ka fè chanjman pozitif nan lavi li, dapre sa li di nan yon email li voye bay Associated Press.