Accessibility links

Breaking News

Dapre RNDDH Gang Kraze Baryè Touye Touye Omwen 23 Moun Pènye


Haiti Violence
Haiti Violence

Daprè sa plizyè temwen ak pwòch viktim yo rapòte, Gang Vitelòm nan masakre plis pase yon dizèn moun Pènye, dimanch 16 fevriye 2025 lan.

Gang Kraze baryè a fè masak sa presizeman nan zòn Chatoblon, tou pre Akademi Polis la. Vitèlòm te pase lòd touye moun nan zòn lan aprè lanmò youn nan konpayèl li yo. L akize moun nan katye sila a kòmkwa yo ta bay lapolis enfòmasyon.

Pami moun y idantifye ki pas anba men bandi yo genyen yon pwofesè espanyòl; advantis, ki rele Habakuk Jean-Baptiste. Habakuk tonbe ak tout sè l, Phaniol Jean-Baptiste Désamours. Gang Kraze baryè a touye tou Jerry Lafaille ak Edwidge Pierre-Louis. Yo 4 la t ap viv nan menm kay.

Selon Pierre Espérance, direktè egzekitif Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (RNDDH), se 23 moun nèg Vitèlòm yo touye, nan lannwit 16 pou rive 17 fevriye 2025 lan.

XS
SM
MD
LG