Yon kominike anbasad Lafrans nan peyi Dayiti pibliye sou sit li fè konnen ansyen metwopòl la te depanse plis pase 43 milyon Ewo nan peyi d Ayiti pandan lane 2024 la.
Lafrans di kantite kòb sila a te repati nan plizyè domèn.
Yo eksplike yo te bay : 10 milyon Ewo pou soutni lit k ap fèt pou table sekirite nan peyi a ; 16 milyon èd imanitè pou soutni popilasyon ki pi vilnerab yo ; 16 milyon tou pou finanse pwojè ki gen pou wè ak devlopman sante, edikasyon ak agrikilti ; 1 milyon pou kore koperasyon kiltirèl ak akademik atravè enstiti fransè nan Pòtoprens, alyans fransèz yo nan 5 rejyon nan peyi a ak plis pase 45 bous etid.