Accessibility links

Breaking News

Ensekirite : Leslie Voltaire di Leta Pral Trennen Devan Lajistis tout Sanksyone yo


Leslie Voltaire, president of Haiti's transition council, welcomes a military contingent from El Salvador, at the Toussaint Louverture International Airport, in Port-au-Prince, Haiti, Feb. 4, 2025.
Leslie Voltaire, president of Haiti's transition council, welcomes a military contingent from El Salvador, at the Toussaint Louverture International Airport, in Port-au-Prince, Haiti, Feb. 4, 2025.

Aktyèl prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, fè konnen li pase Premye Minis Fils-Aimé lòd pou li ranmase ak egzamine tout prèv ki gen pou wè ak moun Etazini, Kanada ak Nasyonzini te sanksyone pou wòl yo ta genyen nan destabilize peyi a.

Konseye #1 an fè deklarasyon sa a sou kont X li (@leslievoltaire) lendi 10 fevriye 2025 lan.

Konseye-prezidan te rapousib pou l di gouvènman an pral pran tout « mezi nesesè pou mennen ankèt epi pouswiv yo jan lalwa mande a ». Li di tou « leta pral aji ak kouraj pou trennen tout moun ki responsab ensekirite peyi a devan lajistis ».

Lis sanksyone yo gen ladan chèf gang, biznismann ak lidè politik. Pami politisyen sa yo genyen ansyen prezidan Michel Martelly ak 2 premye minis : Jean Henry Céant ak Laurent S. Lamothe.

XS
SM
MD
LG