Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyèn Riposte Fas Ak Mezi Komèsyal Trump yo


FILE - European Commission President Ursula von der Leyen addresses a media conference at an EU Summit in Brussels, March 6, 2025.
FILE - European Commission President Ursula von der Leyen addresses a media conference at an EU Summit in Brussels, March 6, 2025.

BRISÈL (AP) — Inyon Ewopeyèn te anonse pwòp mezi li yo, li di yo pral antre an fòs apati premye avril, apre administrasyon Trump lan ofisyèlman ogmante tarif sou tout enpòtasyon asye ak aliminyòm pou rive nan 25%.

Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, te di nan Mèkredi pandan Etazini "ap aplike tarif ki vo 28 milya dola, nou ap reponn ak lòt mezi ki vo 26 milya ewo," oswa anviwon 28 milya dola.

Komisyon an jere konfli komèsyal ak komès nan non 27 peyi manm yo. Von der Leyen te di Inyon Ewopeyèn an "ap toujou rete ouvè pou negosyasyon."

Grann Bretay, ki pa fè pati Inyon Ewopeyèn an, nan menm tan an te di li pap enpoze pwòp mezi pou riposte kont Etazini.


XS
SM
MD
LG