Accessibility links

Breaking News

Eagles yo anpeche Chiefs yo fè yon triple nan Super Bowl la ak yon defans djanm, e yon viktwa 40-22


Super Bowl Football
Super Bowl Football

NEW ORLEANS (AP) — Cooper DeJean, Josh Sweat ak defans fewòs Philadelphia Eagles yo anpeche Patrick Mahomes, Travis Kelce ak Kansas City Chiefs yo ranpòte yon twazyèm twofe Super Bowl youn apre lòt. Se te yon viktwa klè.

DeJean te jwenn yon pik 6 pou 22yèm anivèsè li, Sweat te mete presyon sou Mahomes, epi Eagles yo te kraze Chiefs yo 40-22 dimanch pou yo ranpòte dezyèm tit chanpyon yo nan NFL la (lig pwofesyonèl foutbòl zèpòl kare a).

Jalen Hurts, ki se pasè ekip Philly a, te fè 2 pas pou gòl (touchdown) epi li te kouri pou youn, sou yon pouse. Defans Vic Fangio a te tèlman dominan, Eagles yo pa t menm bezwen gwo efò nan men prensipal kourè yo a, Saquon Barkley.

XS
SM
MD
LG