Philadelphia Eagles genyen Super Bowl LIX la nan vil Nouvèl Òleyan, kote koyekipye Lewis Cine yo bat ekip Kansas city Chiefs la (40-22) epi anpeche Patrick Mahomes ak asosye l yo antre nan listwa kòm premye ekip ki genyen Super Bowl la 3 fwa youn dè lòt.
Ayisyen an jwe nan pozisyon Safety nan liy defans Eagles yo. Defans Philly a fè pati pi bon defans nan tout lig nasyonal la sezon sa a.
Nan match Super Bowl la, defans Eagles la toufe Patrick Mahomes ak liy ofansif Chiefs la.
Yo "Sack" Mahomes 6 fwa (kidonk yo mete do l atè) e yo fòse Quaterback la fè 2 "turnovers" (advèsè a te vòlè balon an), e youn ladan yo te tounen yon “touchdown”, donk 6 pwen pou Philadelphia ki nan yon moman nan match la t ap mennen 27-0 !
Finalman Ayisyen an ak tout mesye Nick Sirianni yo bat Kansas City Chiefs e pran revanj yo sou Mahomes ki te bat yo 2 lane avan sa, nan Super Bowl LVII la.
N ap souliye Ayisyen Lewis Cine jwe 2 match pandan sezon regilye a ak Philadelphia. Li te jwe kont New York Jets ak Los Angeles Rams.
Nan play-offs yo, Cine jwe kont Green Bay Packers, Los Angeles Rams, Washington Commanders epi Kansas City Chiefs.