Accessibility links

Breaking News

Trump Pral Fè Listwa Kòm Premye Prezidan Ameriken ki Asiste Sipèbòl la


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pandan yon evenman pou onore viktwa ekip New England Patriots nan chanpyona Super Bowl la, 10 Me, 2017.
Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pandan yon evenman pou onore viktwa ekip New England Patriots nan chanpyona Super Bowl la, 10 Me, 2017.

Lè li te elè lise, Donald Trump te jwe foutbòl. Antanke bawon biznis li te gen yon ekip foutbòl nan yon lig ki te rival ak NFL la (Lig Nasyonal Foutbòl Etazini). Apre sa li te asiyen NFL la pou l te ka tabli pwp lig pa li. Antanke prezidan li te denigre pwofesyonèl ki te mete yo ajenou pandan im nasyonal Etazini an pou pwoteste enjistis sosyal.

Dimanch li pral ajoute sou palmarès istorik li pa rapo ak spo a lè li tounen premye prezidan Etazini ki asiste yon chanpyona Supèbòl pandan li o pouvwa.

Aparans Trump nan Superdrome vil Nouvèl Orleyan an pou gade chanpyon an tit la Kansas City Chiefs twoke konn ni ak Philadelphia Eagles vini apre NFL la te pran desizyon pou l wetire slogan "Sispann Rasism" ke li konn kole nan zon kote jwè yo fè gòl yo depi 2021.

Sa pa gen lontan, Trump te pase lòd pou yo anile pwogram ki ankouraje divèsite, ekite ak enklizyon atravè gouvènman federal la. Kèk kritik konsidere desizyon lig la kòm yon repons fas ak aksyon prezidan Repibliken an. Men Komisè NFL la Roger Goodell di politik divèsite lig la yo pa an konfli ak jefò administrasyon Trump la ap fè pou sispann pwogram federal DEI yo.

Trump, ki te asiste Sipèbowl la an 1992, evite di kiyès li prefere pou mach Dimanch la malgre komantè piblik li fè sou rezo sosyal sigjere li renmen ekip Kansas City.

Semèn pase a lè yo te mande l ki ekip ki pral genyen, Trump te reponn: "Mwen pa vle di men gen yon sèten kwatèbak ki sanble li se yon bon gayan." Moun kwè li tap fè referans ak Patrick Mahomes, ki se kwatèbak ekip Chiefs la.

Trump te mete yon mesaj felisitasyon pou Chiefs yo nan mwad Janvye a tou, apre yo te ranpòte chanpyona konferfans foutbòl AFC a.

XS
SM
MD
LG