Nan estad Cementos Progreso nan lakou Gwatemala, seleksyon foutbòl Ayiti a, ki gen nan tèt li Eddy César, jwenn bout seleksyon gwatemaltèk la nan dènye match gwoup E a, yon final ant 2 pi bon ekip nan gwoup la.
Ti Grenadye yo, byen motive, pat pran tan pou yo mete anprent yo sou match la e montre entansyon yo.
Byen bonè, Djouby Jean Philippe fè premye gòl la (9èm) avèk yon kout pye dwat, apre yon bèl pas Emerson Laissé te ba li. Konsa bitè Ayisyen an te enskri premye gòl li nan tounwa a, yon gòl enpòtan ki te pèmèt ti Grenadye yo byen antre nan match la.
Apre sa, seleksyon an kontwole e metrize Gwatemala a, ki fè 11 shoot nan kan pou eseye jwenn egalizasyon, sepandan defans Ayiti a te byen kanpe epi Clifford Gené pat bay twou vid.
Nan fen match la (90èm), Ayiti sele viktwa a gras ak Miguel Joseph ki lage yon manman penba nan kan an pou fè 2è gòl la epi wetire tout espwa Gwatemala.
Yon viktwa konvenkan, pou yon ekip Ayiti ki te gen 52% posesyon balon an e ki fè 18 shoot nan kan, e 6 ladan yo te byen kadre.
Sa fè 3è fwa Ayiti dekwoche kalifikasyon l pou yon mondyal FIFA nan kategori pi piti pase 17 lane yo.
Premye fwa a se te an 2007 avèk antrenè Yves Philogène Labaze epi nan ane 2019 avec coach Webens Princimé.
N ap fè sonje mondyal timoun yo ap fèt nan peyi Kata soti 5 pou rive 20 novanm 2025.