Franco Celestine ak Miguel Joseph, 2 ti Grenadye ki fè pati de seleksyyon U-17 la, kontinye ap fè pale de Ayiti, apre kalifikasyon peyi a pou mondyal U-17 yo ki gen pou fèt nan peyi Kata ane sa.
Franco Celestine enskri 8èm pi bèl gòl tounwa a, selon sa concacaf revele.
Pi bèl reyalizasyon konpetisyon an se zèv mitan teren ayisyen an, Miguel Joseph.
Se kont ekip Gwatemala a, Ti Grenadye a te reyalize yon chedèv pou l te klouwe Gwatemala epi sele viktwa Grenadye yo apre yon manman penba li te lage nan kan an ! Yon mèvèy gòl, ki konfime plas Ayiti pami elit futbòl nan rejyon Concacaf la.
Yon lòt bò, Ayisyen Cliford Gene se pi bon Goalkeeper tounwa a. Clifford Gene jwe 3 match, lo pa pran yon grenn gòl. Gadyen ayisyen an fè pati de ekip oubyen 11 ideyal eliminatwa yo.