JERIZALÈM (AP) — Premye faz trèv ant Izrayèl ak Hamas sipoze dire sis semèn. Men, apre twa semèn, ni Izrayèl ni Hamas, tou de ap akize youn lòt pou vyolasyon akò a, epi menas Hamas pou li ranvwaye liberasyon plis otaj pouse Izrayèl prepare pou rekòmanse konba si sa nesesè.
NEW YORK (AP) — Depatman Jistis bay lòd pou pwokirè federal yo abandone akizasyon koripsyon kont Majistra New York la Eric Adams epi mete fen nan ankèt k ap fèt sou li a.
NEW ORLEANS (AP) — Cooper DeJean, Josh Sweat ak defans fewòs Philadelphia Eagles yo anpeche Patrick Mahomes, Travis Kelce ak Kansas City Chiefs yo ranpòte yon twazyèm twofe Super Bowl youn apre lòt. Se te yon viktwa klè.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump di li vrèman vle pou Kanada tounen 51 nyèm Eta, nan yon entèvyou ki te pase dimanch anvan Super Bowl la.
Yon tribinal federal bloke administrasyon Trump la pou l pa voye nan baz Naval Guantanamo a, nan peyi Kiba, 3 imigran Venezuelyen ki nan prizon nan eta Nouvo Meksik, apre yo te jwenn arestasyon yo nan kad operasyon sere boulon prezidan Trump kont imigran yo.
WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump mande Depatman Trezò a pou li sispann bay 5 kòb penich (sa Ameriken yo rele penny a) paske sa koute twò chè pou yo pwodui pyès monnen sa a.
Apeprè 14 milyon sitwayen peyi Ekwatè te kòmanse vote dimanch pou chwazi kiyès ki pral dirije peyi pou pwochen ane ki ap vini yo.
Load more