Accessibility links

Breaking News

Trump di li Vle Seryezman pou Kanada Tounen 51 nyèm Eta a


Trump Tariffs
Trump Tariffs

WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump di li vrèman vle pou Kanada tounen 51 nyèm Eta, nan yon entèvyou ki te pase dimanch anvan Super Bowl la.

“Wi, se vre,” Trump te di Bret Baier sou chèn Fox News, lè yo te mande l si pawòl li sou kesyon anekse Kanada a

se “yon bagay reyèl” — jan Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, te avèti tou dènyèman la a.

Nan entèvyou a, Trump te di tou li pa wè ase aksyon bò kote Kanada ak Meksik pou anpeche taks li menase mete sou yo. “Non, sa pa ase,” anpalan de aksyon de gwo patnè komèsyal Etazini yo. “Yon bagay dwe fèt. Sa pa ka kontinye konsa. E mwen pral chanje sa.”

XS
SM
MD
LG