Accessibility links

Breaking News

Trump di Lap Revoke Komisyon ki Jere Sant d Ar Kennedy a epi Nomen Tèt li Direktè


Foto Achiv: Limye ble, blan ak wouj pou make 100em anivese nesans Prezidan John F. Kennedy nan Sant Kennedy pou Bozar ak Pefomans nan Washington, 26 Me, 2017.
Foto Achiv: Limye ble, blan ak wouj pou make 100em anivese nesans Prezidan John F. Kennedy nan Sant Kennedy pou Bozar ak Pefomans nan Washington, 26 Me, 2017.

Prezidan Donald Trump di lap revoke manm komisyon kiratè Sant John F. Kennedy a pou Bozar ak Pèfòmans epi nomen tèt li direktè.

Li endike li pral dikte pwogramasyon youn pami enstitisyon kiltirèl ki gen plis renome nan peyi Etazini. Misye di lap sispann evenman ki gen patisipasyon atis gason ki abiye kou fanm e vise vèsa.

Trump anonse nouvèl la sou rezo sosyal Vandredi.

Sant Kennedy a di kèk manm komisyon an resevwa mesaj ki di yo revoke ke administrasyon Trump la voye ba yo, men sant la limenm poko kominike ofisyèlman ak Mezonblanch la.

Atis Trump vize yo akize prezidan an dèske lap eseye sansire yo nan yon peyi kote Konstitisyon an garanti libète ekspresyon.

XS
SM
MD
LG